Jakmèl anba tansyon, Anseyan Sidès yo pran lari pou mande nominasyon ak pi bon kondisyon travay

115
0
Share:
TRiboLAND

J
04/13/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi lendi 13 avril 2026 la, vil Jakmèl konnen yon mouvman pwotestasyon pasifik kote Platfòm Sendikal Anseyan Sidès ansanm ak Kolektif Anseyan ki poko nome yo òganize yon sit-in devan biwo Direksyon Depatmantal Edikasyon Sidès la. Objektif mobilizasyon sa a se te fè vwa anseyan yo tande sou kesyon nominasyon, amelyorasyon kondisyon travay yo, ak respè angajman Leta te pran deja.

Nan mesaj yo, manifestan yo te mete aksan sou nesesite pou otorite yo respekte akò 20 janvye 2025 la, yon dokiman yo di ki te deja prevwa mezi klè pou amelyore lavi pwofesyonèl anseyan yo. Yo denonse reta nan nominasyon plizyè anseyan ki deja ap bay sèvis nan lekòl yo san estati legal ak san sekirite finansye. Daprè yo, sitiyasyon sa a kontinye afekte kalite ansèyman nan depatman an.

Aksyon sa a voye yon siyal fò bay responsab Leta yo sou ijans pou pran dosye edikasyon an oserye nan Sidès la. Anseyan yo fè konnen yo pap sispann mobilize toutotan revandikasyon yo pa jwenn yon repons konkrè. Sit-in nan te dewoule nan kalm, men li montre nivo fristrasyon ak detèminasyon sektè a devan pwoblèm ki pèsiste depi plizyè mwa.

Share:

Leave a reply