Sibtiti komisè kap trete dosye tantativ asasinay ki te fèt sou chantè gwoup mizikal Frizz la, founi kèk detay sou avansman dosye a.

1,043

01- 13 – 2024

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon ti bat bouch ak la près jounen vandredi 12 janvye 2024 la, sibtiti komisè gouvènman nan Pakè Pòdpè a, Mèt Alangue Valbrum, founi kèlke enfòmasyon enpòtan bay gran piblik la, konsènan avansman dosye asasinay ki te fèt sou Cliff, ki se chantè gwoup mizikal Frizz la.

Komisè gouvènman an ki tap pale fè konnen, deja genyen 2 plent ki deja rive nan Pakè a, nan kad dosye sila. Yonn nan plent sa yo sòti bò kote pwomotè aktivite a, ki se Louis Mary Laguerre, ki ta sanble pote l pati sivil epi lòt plent lan, sòti bò kote ekip mizisyen gwoup mizikal la ki pote non Frizz la ak tout kabinè avoka yo, kont menm Louis Mary Laguerre sa a, ki dapwè li pa gen anyen pou wè ak zak malonèt sa a.

Pou eklere lantèn popilasyon an sou zak zenglendinay sila, sibtiti komisè Pakè Pòdpè a fè konnen, yo deja fòme yon komisyon wogatwa kote yo bay delegasyon pouvwa ak lapolis, pou drese yon rapò prese prese, yon mannyè pou defere dosye a nan kabinè enstriksyon.



Comments are closed.