Pakè Pòdpè nan tèt kole ak Lapolis Nòdwès demantle yon rezo gang nan komin Jan Rabèl

474

03/14/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Voltaire Julien 21 lane, Theresiaste Marckenson 45 lane, Webenson Jeanthilhomme 17 lane ak Marie Yolette Belizaire 48 lane, se non 4 prezime bandi lapolis nan nòdwès ak pakè Pòdepè a rive demantle nan vil Jan Rabèl, nan kòmansman mwa mas 2021 an ansuit prezante yo bay laprès, vandredi 12 mas 2021 an.

Endividi sa yo gen divès chef akizasyon ki peze sou do yo tankou: asosyasyon malfetè, vol ak men ame. Fòs lòd te sezi tou 2 zam pami yo: yon 9mm ak yon pistolè 380 pandan operasyon an, selon komisè gouvènman an, Me Belamin Volney Jean ki t ap prezante mesyedàm say o devan laprès e ki fè konnen lapolis arete Voltaire Julien, yon etidyan an medsin kap fè 2e ane ak yon 9 mm e ki te gen anposesyon yo pwodwi alimantè, pwodui alkowolize, radyo, telefòn ak panosolè, pou n site sa yo sèlman.

Fòk nou di se pa pou premyè fwa lapolis nan Nòdwès pran desizyon pou arete divès gwo bandi notwa ke lajistis pa pran tan pou libere yo.

Nap siyale pa twò lontan popilasyon zile Latòti te rive arete yon sèten Hypo, yon gwo bandi notwa ak yon M14 e remèt li bay lajistis; otorite lajistis yo nan peyi isit patt pran anpil tan pou libere koupab la. Men sa pa anpeche komisè gouvènman an, Mèt Bellamin konseye bandi yo pou chache lòt travay pou yo fè paske wout y ap pran an, selon chèf pakè Pòdpè a, ap mennen yo dirèkteman nan prizon oubyen simityè.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.