Lapolis Nasyonal anonse arestasyon 3 bandi sangwen nan Belè ak Gran Ravinn

960

01 – 13 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Se nan vandredi apwèmidi 12 janvye 2024 la, lapolis nasyonal arive fouke 3 bandi sangwen ki natif natal gang Belè ak Gran Ravinn. Akoz enplikasyon yo nan aktivite malfektè ou banditism.

Twa sangwen yo ki deja mete dlo nan je yon latriye fanmiy pote non: Jeff Louisius ki genyen 28 rekòt e ki abite nan Riyèl Estim”e, Platon Fort. Kriminèl sila te toujou jwe wòl antèn pou gang Belè yo nan Ri Lamarre.

Yon dezyèm sangwen ki arive jwenn arestasyon li, li rele Alphonse Daniel alyas Brejenn, 24 rekòt, sanzave Sadirak, Fò Nasyonal. Yo akize yon parèy koure kòm moun kap transpòte minisyon pou group gang Bèlè ak Gran Ravinn.

Twazyèm sangwen an, ki se James Jean-Philippe alyas Kokobe, 33 rekòt, yon ansyen residivis ki sèvi antènn e ki patisipe nan anpil zak gang kriminèl. Li se yon natif natal Delma 18.

Comments are closed.