Plis pase 348 doktè e enfimyè peyi Kiba ap antre e venn ede Ayiti konbat kovid-19 la

0 470

Pòtopwens____(TRiboLAND)  Sou kont tweetè li, Minis Afè Lòt Bò Dlo peyi Dayiti anonse jodi Mèkredi 25 Mas 2020 an, deplwaman yon kontenjan de 348 doktè ak enfimyè sou tèritwa nasyonal la.

Objektiv brigad medikal sa, se pou venn pote sekou bay peyi Dayiti nan kad goumen ak pandemi kowonaviris la ki kòmanse ap fè pale de li. Ayiti nan jou kap vini yo pral benefisye ekspètizm peyi Kiba yo nan domènn medikal ak ladrès pou andige viris mòtèl la pi byen.

Yon bon nouvèl pou Ayiti, si nou ta vle kwè Chanselye ayisyen an, Claude Joseph ki pat manke, nan non Pwesidan Repiblik la ak tou pèp ayisyen an salye e remèsye gouvènman peyi Kiba a pou gwosè jès fwatènite sa nan kad batay kont kowonaviris la.

Leave A Reply