Chansòlm : Kòdonatè kazèk 2e Seksyon Sous Bovwa drese yon tablo melankolik e plede anfavè yon solisyon apwopriye.

2,049

Kòdonatè kazèk 2e Seksyon komin chansòlm lan, prezante bay laprès divès kalte pwoblèm seksyon kominal lap dirije a ap konfwonte epi pwofite mande ak gouvènman defakto Ariel Henry bay dèyè’l 2 tap.

Chansòlm, Ayiti____(TRiboLAND) Mikerlange Darisier, Kòdonatè Konsèy administrasyon seksyon kominal Sous Bovwa, prezante bay laprès yon tablo melankolik, lamantab sou mizè rere popilasyon lap dirije a epi egzije mouche Ariel Henry bay dèyè’l 2 tap.

Pou Mikerlange Darisier, yon seksyon kominal ki genyen anviwon 25 abitasyon, 73 lokalite ap fonksyone toutouni. Pa gen sant sante, absans wout agrikòl, grangou, sechrès, zannimo ap mouri sou pye, lapli pa tonbe, chomaj, lavi chè san konte divès kalte lòt epidemi kap sakaje abitan yo.

Fenomèn sa yo lakòz, peyizan yo, swa ki sòti nan lokalite nan Bèlvi, Dati, Mak, Lavizit, Menvyèl e Fonmèl kouri plis pase 12 kilomèt wout swa pou al boske ti moso la swenyay men tou al chèche kote lavi fè kwen.

Yon lòt bò kòdonatè Mikerlange Darisier, soulinye pwoblèm wout agrikòl ki lakòz rekòt peyizan yo pa gen okenn valè. Pou Kòdonatè kazèk la, peyizan yo ap monte yon maswife, lè’l konsidere gen nan yo kap monte, desann mòn anviwon 12 kilomèt ak sak, kivèt sou tèt pou al vann danre nan komin Chansòlm.

Plede anfavè yon chanjman nan seksyon kominal la, kòdonatè a mande ak gouvènman moun tèt san cheve yo, pase direksyon dekonsantre yo lòd, swa direksyon depatmantal travo piblik, direksyon depatmantal agrikilti ak tout direksyon depatmantal sante pou aji rapid, rapid, swa kreye travay wot entansite mendèv yon mannyè pou kapab amelyore mizè rere abitan yo ap konfwonte depidig dantan.

Genson Hyppolite, TRiboLAND

Comments are closed.