Òganizasyon Fòs Nou ak alye li yo te foule beton an nan vil Pòdpè nan moman yo ta pral reponn kesyon sibtiti komisè Jeir Pierre.

846

02 – 28 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Òganizasyon Fòs Nou ak alye li yo te mobilize nan mitan jounen mèkredi 28 fevriye 2024 la, pou t al reponn kesyon sibtiti komisè Jeir Pierre, swit apre manifestasyon ki te fèt nan dat 31 janvye 2024 la, pou tal kraze pòs ranson Josué Alusma te mete nan zòn Karenaj la pou ranmase lajan nan do lalwa.

Sibtiti komisè pakè Pòdpè a, Jeir Pierre, ki te envite, Paul Élie Faustin ak Makenley Le Petit Joseph, sou plent chikanyè ajan egzekitif enterimè komin Pòdpè a, Josué Alusma pat menm fouye pwent pyel akòz li konnen pèp la ap chèche li ak balèn.

Paul Élie Faustin ki pat deside dezobeyi lajistis peyi li te pran direksyon pakè Pòdpè a, malerezman pèp souvren an pat dakò li monte akòz polisye yo te deja barikade antre wout komisarya a pou anpeche yo monte.

Ankolè kont polisye yo ki deside fè yon djòb sal kont pèp souvren, manifestan yo ki te fache, fè konnen,” si yo paka monte pakè a, Paul Élie Faustin pap monte”.

Li enpòtan pou konnen, malgre pèp la te anpeche Paul Élie Faustin al reponn kesyon sibtiti komisè Jeir Pierre, sa pa anpeche bawo Pòdpè a kap defann Paul Élie Faustin, te reprezante li valableman an granmoun.

Comments are closed.