Plizyè lokalite nan Site Kapwa Lamò a, ap mobilize yo, pou yo al depoze yon plent fòmèl nan pakè Pòdpè a kont DINEPA.

989

09-21-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Site Kapwa Lamò a, nan moman n ap pale a ap fè gwo fas kare ak pwoblèm dlo. Fenomèn sa a, ki genyen plizyè mwa san solisyon pa kite abitan yo nan vil Pòdpè san reyaji.

Nan sans sa a, plizyè sitwayen ki sòti nan plizyè zòn nan vil Pòdpè tankou : Latandri, Nan bouchi, Mòn Betèl, Nan Orèl, Anba Lavil, poun site sa yo sèlman, ap mobilize pou al depoze yon plent fòmèl nan Pakè Pòdpè a, kont bagay ki rele DINEPA a.

Sitwayen sa yo fè konnen, yo pa janm resevwa ti gout dlo nan tiyo yo, alòske depi mwa a rive se bòdwo ki vin jwenn yo. Pou kontinye, sitwayen yo fè konnen, responsab DINEPA yo ap vann kamyon dlo yo 3000 dola ak moun ki gen gwo basen lakay yo, olye yo bay dlo a pou tout moun.

Deside koupe fache kont konpòtman malonèt otorite DINEPA yo, sitwayen yo nan lokalite nou sot site la yo, kase randevou wè pa wè, madi k’ap 26 septanm 2023 a, nan pakè Pòdpè, 10 zè nan maten.

Comments are closed.