Pòdpè netwayaj: Komite netwayaj Ri lopital la kontinye mete tèt yo ansanm pou rele chalbari dèyè labou ak vye debri.

913

01-13 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan la Mèri nan vil Pòdpè pa egziste, sa ki lakòz nan plizyè ri, riyèl ak nan kèk zòn, se komite katye yo ki souvan mete tèt yo ansanm pou jwe wòl Mèri fantòm nan nan goumen kont fatra ak labou.

Se menm kad figi a pou moun kap viv nan Ri Amiral Killick ke tout moun konnen sou non Ri Lopital kote se jèn fanm ak jèn gason ki deside kole tèt yo ansanm atravè yon komite netwayaj pou kontinye netwaye ri a, sòti nan dat ki te mèkredi 10 janvye 2024 la pou rive jis jounen jodia.

Sak gen bòt mete bòt, sak gen boyo mete boyo, sak gen sapat mete sapat, kontinye ap mobilize pou rele chalbari dèyè labou ak debri ki fin degrade imaj beton an, se deklarasyon kèk manb nan komite katye a ki deklare ke yo pap kanpe.

Li enpòtan pou konnen, se nan Ri sa a wap jwenn Lopital Imakile Konsepsyon, direksyon depatmantal edikasyon branch Nòdwès la ak Kwa Wouj, poun site sa yo sèlman.



Comments are closed.