Pou debi ane 2023, pap gen FestiKap 2 janvye nan komin Lavale

685

12-29-2022

Lavale, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon nòt komite ki toujou òganize FestiKap chak 2 janvye mete deyò jodi jedi 29 desanm 2022 a, ki se “Organisation des Universitaires Vallées pour le Progrès” (OUVAP), anonse ak anpil regrè, pap gen FestiKap ane sa akoz volim kontrent ki endepandan parapò ak volonte komite a.

FestiKap, se yon aktivite ki toujou òganize chak 2 janvye depi prèske 13 lane, e ki rantre nan patrimwan kiltirèl komin Lavale. 14èm edisyon an pap ka fèt akoz yon seri difikilte komite a genyen: pwoblèm sosyo ekonomik, pwoblèm ensekirite, difikilte pou moun kap viv Pòtoprens yo fè deplasman vin nan aktivite a, se prensipal kontrent komite a genyen ki koz yo ranvwaye 14èm edisyon an pou 2 janvye 2024.

Komite a pwomèt yap travay pou òganize yon pi bèl aktivite 2 janvye 2024, pandan yo swete sitiyasyon peyi a chanje pandan ane 2023 a.

Comments are closed.