Ajan Polis minisipal yo nan komin Sen-Lwidinò mare yon lòt fwa ankò, yon gwo koure gang ki se akolit ansyen chèf gang Erick Prospère.

01- 13 -2024
Sen-Lwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Ajan polisye minisipal yo nan komin Sen-Lwidinò pa sispann miltipliye kòd nan tèt bandi sangwen kap simen latwoublay nan divès ti kwen nan komin nan.
Pou yon lòt fwa ankò, yo mete anba kòd, gwo koure Pierrichard ensikoni, yon gang ki tap opere kòm bouchè nan gang san fwa ni lwa Erick Prospère a, nan Lakwa Sen Jozèf.
Enfòmasyon nou resevwa bò kote Pierre Nicol, ke tout moun konnen sou non Colly, ta fè kwè, gang Pierrichard te resevwa yon bal nan kwis dwat li nan kad boukantaj kout zam ak lapolis. Selon sa ki rapòte, bandi sangwen an, pat gen lòt chwa ke vin kache nan komin Sen-Lwidinò, patikilyèman nan lokalite Desgranges ak Wòch Won pou vin reprann aktivite li ak fòs.
Sispèk prezans koupab la, popilasyon an pat gen lòt chwa ke mennen ankèt epi mare kou krab, gwo koure ki pote non Pierrichard a pou te mennen li bay ajan Polis minisipal yo yon mannyè pou mete yon bout ak zak malonèt endividi sila.






