Lapolis nan Mòl Sen Nikola poze men nan kòlèt Wiguens, prezime asasen Alexandre Pierre Paul alyas “Canal du Vent”

455

06/14/2021

Mòl Sen Nikola _____(TRIboLAND) Wiguens, se sou non sa a tout moun konnen li; yon bandi, yon prezime kriminèl ki sòti nan zòn Dedin, depatman Latibonit ki vin pran refij li nan Mòl Sen Nikola, depatman Nòdwès peyi. Konsa, ta sanble, selon otorite yo, osito Wiguens te fin touye ak zàm Alexandre Pierre Paul alyas “Canal du Vent”, te mete van nan vwèl li pou depatman Nòdwès.

Lapolis nan Mòl Sen Nikola, yon fwa enfòme, apwè anpil teknik te rive poze lapat sou Wiguens ki twouve l nan moman sa dèyè bawo anndan Prizon Sivil Komisarya Pódpè a depi lannwit dimanch 13 jwen 2021 an sou lòd otorite lajistis yo nan Pòdpè, dapwè Ajan Egzekitif Enterimè komin Mòl Sen Nikola a, msye Fresnel Aretus, nan kàd yon entèvyou li te akòde TRiboLAND maten lendi 14 jen 2021 an.

Ajan Egzekitif Enterimè a, msye Fresnel Aretus ajoute pou l di: “Lapolis nan Mòl Sen Nikola pako janm dòmi nan boske tankou chyen fou lòt bandi nan komin Banòdwès yo ki ta vin sere yo nan kanton an.

Fòk nou di, lapolis nan Nòdwès mande kolaborasyon popilasyon an san kondisyon; sitou si sitwayen yo ta sispèk ki se “je enkoni” kap abiye, gaspiye e banboche ak lajan; pa ezite lapoula mete otorite yo okouran.

Nap raple, Alexandre Pierre Paul alyas “Canal du Vent” se te yon gwo bandi notwà ki komèt anpil krim egalman nan Dedin, depatman Latibonit.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.