Jounalis Radyo Vision 2000 ke bandi te kidnape a, jwen liberasyon li.

1,141

02-18-2023

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Jounalis Radyo Vision 2000, Jean Thony Lorthé ke bandi te kidnape, jwen liberasyon li, yè aprèmidi jedi 17 fevriye 2023 a aprè 15 jou sekestrasyon.

Se reyèlman yon gro souf satisfaksyon ki melanje ak dezespwa e endinyasyon lòske fanmiy, zanmi ak ko-ekipye te aprann liberasyon jounalis Radio Vision 2000, Jean Thony Lorthé ke bandit e kidnape nan zòn Laboul 12, 3 fevriye dènye.

Pèson pa konnen jiska prezan ki sa ki fèt nan ranson ke bandi yo tap mande an echanj liberasyon jounalis la. Nap raple ravisè yo te egzije yon montan 200,000 dola vèt avan yon evantyèl liberasyon.

Antouka, si pa genyen bonjan detèminasyon popilè ki pran nan mitan pèp souvren pou frennen bandi sangwen ki deja efondre nasyon ayisyèn nan, nou apèn ap mande ki moun ou ki kad ki pral prochen viktim nan, daprè yon ansyen depite ki tap reflechi sou zak ensekirite gang yo kap miltipliye nan dènye jou sa yo.

Comments are closed.