Ekip Mèri Pòdpè a bastone pou yon lòt fwa ankò, yon chofè moto nan pòs ranson an nan lokalite Karenaj.

1,024

11-24-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Ekip Mèri Pòdpè a ki genyen nan tèt li ansyen detni prizon sivil Pòdpè a, Josué Alusma, pa sispann pase anba pye, entegrite fizik chofè taksi moto yo nan site Kapwa Lamò a, apre enstalasyon yon pòs ranson nan lokalite Karenaj.

Malerezman, fwa sa se ka, Loubens Dalpe, ki pase yon moman difisil anba men ajan sekirite sangwen Mèri Pòdpè a, nan pòs ranson Josué Alusma a nan lokalite Karenaj. Loubens Dalpe ki tap pale ak dlo nan zye fè konnen, mesye yo kraze moto li, san konte divès koko makak li resevwa akòz yon kat pasaj ki egare li.

Li enpòtan pou konnen, se pa premye fwa konpòtman bourik ou malonèt sa yo ap poze nan site Kapwa Lamò a; sa pa gen yon mwa kote menm ekip zago loray sa yo ki fè tèt yo pase kòm tòsyonè kap fè yon travay ilegal ou piyajè, pilonnen yon chofè machin nan menm pòs ranson sa a ke eskanmòtè yo nan Mèri a enpoze.



Comments are closed.