Lapolis mare kou krab ansyen depite komin Ènri a sou lòd jij enstriktè Al Duniel Dimanche

970

01 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Majistra enstriktè Al Duniel Dimanche voye yon mesaj klè bay gwo bawon politik yo nan peyi Dayiti nan kad detounman byen ak lajan Leta, lèl deside mare kou krab ansyen depite komin Ènri a, Cholzer Chancy, jounen lendi 22 janvye 2024 la.

Ansyen prezidan chanm depite a Cholzer Chancy ke non li tap site fò kòm moun ki detounen kòb ak materyèl CNE yo, jwenn ak zo grann li, apre jij enstriktè Al Duniel Dimanche te fin tande li plizyè fwa nan kad dosye sila.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, èske jij enstriktè Al Duniel Dimanche ap ka rive rann Repiblik la yon sèvis, sil ta rive mare kou krab, ansyen prezidan Joseph Matelly ak tout akolit li yo? Yon dosye sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ap suiv ak anpil atansyon.

Comments are closed.