Popilasyon an nan Tomazo preskri yon jènn fanm Bwa Kale, akoz li tap fè drivayèz nan baz 400 Mawozo.

1,031

Tania ensikoni se non jèn fanm sila a, popilasyon an fil pou li, nan aplikasyon bwa kale a, jounen samdi 3 jwen 2023 a, nan Tomazo.

06-03-2023

Tomazo, Ayiti_____(TRiboLAND) Popilasyon an nan peyi Dayiti, ta sanble pap bay vag ap mouvman “Bwa kale” a. Yon jèn fanm ki pote non, Tania ensikoni, kwaze ak zo grann li nan zòn Tomazo, pou tèt li ta nan aktivite drivayèz ak chèf gang kriminèl 400 Mawozo a, ke tout moun konnen, sou non,”Lanmò San jou”.

Tania nan moman popilasyon an te poze lapat sou li, pat konn ki sen pou li rele; konsa, li tap akize moun devan kou dèyè. Rizyèz la, nan moman detrès la, si te non granmoun kou timoun, ki fè pati gang sila e kap opere nan zòn Tomazo.

Antouka, popilasyon an bò kote pa yo, pat sou fè bak, malgre kantite koze Tania ensikoni te fin vide nan vant li. Tania arive mouri aprè ke li te kalifye nan pwogram Bwa Kale a. Gen bwi ki ta menm fè konnen, li pipi sou li pandan pwosesis kalifikasyon an.

Comments are closed.