Ajan Polifwont yo nan Wanament mare kou krab yon endividi ki te rache baryè fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan.

917

 

01 – 06 – 2024

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan Polifwont yo nan komin Wanament mare kou krab jounen samdi 6 janvye 2024 la, Erford Charles, pou tèt li ta lotè zak malonèt rache baryè fwontyè Wanament ak peyi vwazen an, nan jou ki sot pase yo.

Dapwè refleksyon divès sitwayen nan Wanament ak nan rès peyi Dayiti, endividi ki pote non Erford Charles la koze yon zak malonèt ki non sèlman tèni imaj bout tè papa Desalin nan douvan peyi vwazen an, men tou, se yon zak malonèt ki sal imaj pèp ayisyen an devan zye mond lan.

Enfòmasyon ki tap sikile yo ta fè kwè Erford Charles ta ka genyen gwo lajan nan men li pou te poze yon parèy zak sal, yon enfòmasyon nou pako ka konfime.

Pou moman nap pale la, Erford Charles deja twouve li nan gadavi nan Wanament, pandan lap tann apèl li kont divès akizasyon ki peze sou sou do li.

Comments are closed.