2 prezume bandi bwè dlo bouch yo nan tantativ kidnapping nan komin Taba

1,153

10-20-2022

Polis Nasyonal la detounen yon tentative kidnapping aprè midi jedi 20 oktòb 2022 a nan komin Taba touprè lokal Anbasad Etazini an. Nan moman boukante kout zam al fòs lòd yo, 2 bandi sangwen arive tonbe.

Selon enfo yo, bandi sangwen yo tap trese lèl pou tante fè yon kidnapping; se gras ak vijilans fòs lòd yo, kou a dejwe. Ajan lòd yo vide 2 annafè atè alòske plizyè lòt te genyen chape poul yo, daprè yon sous polisyè.

Antouka, dejou Anjou atak group gang yo vini pi entansifye depi van entèvansyon an kòmanse soufle anndan peyi a. Sa ki pirèd, se egzekisyon masiv malfra yo fè nan katye yo ou anndan lakay sitwayen yo.

Comments are closed.