Lapolis nan rejyon Sodo fouke 2 gwo koure kòm kwa, yo ta fè pati gwoup gang Titanyen.

572

07-01-2023

Sodo, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan PNH yo nan komisarya Sodo a, fouke 2 jèn gason nan dat jedi 29 jen 2023 a, nan kad yon operasyon yo t ap mennen nan vil sila.

Enfòmasyon sa a, rann piblik atravè yon nòt ki sòti sou paj Facebook ofisyèl PNH la; moun ke yo arete yo se, Pierre Jean ElPride Junior, 36 lane ak Wakine Partho Toussaint, 37 lane ki ta manb gwoup gang Titanyen dapwè nòt sila.

2 Prezime Bandi sa yo, kise orijinè Sodo, dapwè fòs lòd yo, yo te patisipe nan zak asasinay yon sitwayen ki pote non, Rolck Georges, nan dat jedi 17 novanm 2022, nan lokalite Zoranje.

Malgre genyen gwo wounou-wounou nan rejyon Sodolèz la fas ak arestasyon 2 gwo koure yo, sa pa anpeche y’ap reflechi dèyè 4 miray.

Comments are closed.