Plizyè dizènn jenn gason ak jenn fanm jounen samedi 6 janvye 2024 la, pote tèt yo pou vinn fè pati kò BSAP la nan Grandans.

1,013

01 – 06 – 2024

Jeremi, Ayiti­­­____(TRiboLAND) Yo Plizyè jenn gason kou jenn fanm ki te soti atravè diferan komin depatman Grandans lan, jounen Samedi 6 Janvye 2024 lan, nan kad anbochay pou antre nan kò BSAP la nan Grandans.

Sou direktif responsab, operasyon ak kominikasyon BSAP lan pou depatman Grandans lan, Jeff Pierre Louis komanse ak seans fòmasyon pou aspiran ajan ki ta renmen fè pati kò BSAP lan pou depatman Grandans lan.


Modil fòmasyon sa a, daprè mesye Jeff Pierre Louis, ap pèmèt ajan yo, metrize konsep kominikasyon an, ak bonjan pwensip kap ede respekte regleman kò yo fe pati an. Se te okazyon pou responsab lan, eksprime solidarite yo ak direktè jeneral BSAP lan, Jeantel Joseph fas a konpotman ekip lòbèy apatrid ki sou pouvwa a.



Comments are closed.