Wanament ap pran lanm: Kanal yo devèse e gwo dlo kouri dèyè moun nan blòk Gaya

951

06-06-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Lapli ki kontinye ap bay laperèz nan depatman Nòdès peyi a, pa sispan tribiche bonnanj rezidan yo nan vil Wanament.

Plizyè katye nan vil Wanament ap pran lanm! Se avèk bokit TRiboLAND konstate sitwayen yo ap jere yon mizèrere san fen. “Moun ap fè manèv ak bwas pou mete dlo deyò lakay yo”, dapwè yon rezidan nan zòn Vilaj Vètyè ki esplike chak fwa lapli tonbe, se yon veritab kalvè pou yo, sitou si nan moman an pa gen moun la.

Li denonse sèten moun ki pwofite moman lapli a pou voye fatra nan dlo, yon koutim ki pa bon ditou lè n konnen se menm fatra sila yo ki bouche kanal yo.

Nap souliye pou lektè nou yo, se pa sèlman nan zònn Gaya ak Vilaj Vètyè bagay la mangonmen pou popilasyon an, men dlo arive antre lakay moun nan lokalite tankou Sans, Site Boven, Vilaj Dèzolivye poun site sa yo selman.

Comments are closed.