Yon polisye reselè gang jwen arestasyon li nan Ayewopò Entènasyonal Kap-Ayisyen

925

10-01-2023

Kap-Ayisyen, Ayiti__(TRiboLAND) Yon inite BLTS ki an konplisite avèk DCPJ arive mete men sou polisye gang reselè Cleevens Degazon alyas “My Man”, nan Ayewopò Entènasyonal Kap-ayisyen jodi dimanch pwemye oktòb 2023 a.

Cleevens ki te genyen yon pwojektè lapolis pandye sou tèt li, te fè rezèvasyon nan konpayi Sunrise Airways, pou vòltije antre Miami nan kad pwogram imanitè Joe Biden nan. Annafè a ki genyen gwo akizasyon gang reselè sou tèt li, te boude plizyè konvokasyon DCPJ, akòz enplikasyon li nan zak asasinay, asosyasyon malfektè ak atak yon seri enstitisyon etatik.

Cleevens ki te nan gwo konnivans ak nan danse kole avèk gang sangwen, finalman fouke anba men lapopo nan vil Okap. Li konte transfere Pòtopwens pou swit nesesè.

Comments are closed.