Arestasyon Esther Dacius akoz li te fè tèt li pase kòm konsil nan anbasad Kanada

826

07-12-2023

Swit ak yon manda “trennen pote vini” ke lapolis peyi Dayiti te lage dèyè Esther Dacius, pou izaj defo ou eskokri, otorite repiblik dominikèn yo arive poze lapat sou annafè a e ekstrade li nan peyi Dayiti, yè samdi 8 jiyè 2023 a.

Ororite ayisyènn yo akize Esther Dacius pou enplikasyon li nan fè tèt li pase pou konsil nan anbasad Kanada. Yo kalifye li kòm moun ki pwatike aktivite mètdam, izaj defo, asosyasyon malfektè ak rezyèz. Esther ak tout mari li ki se Marckenshy Honoré genyen plizyè plent ki te depoze kont yo menm nan lane 2022 pou 2023 nan BAFE/DCPJ.

Esther poze yon latriye zak pou te tronpe vijilans konpatriyòt ayisyen yo; li pran yon kouvèti diplomatik pou would yo nan farinn; alòske, otorite yo kontinye ap chèche tankou chyen fou Marckenshy kòm reselè ki te toujou sèvi lyezon ant viktim yo ak Esther, fo konsil.

Comments are closed.