Yon manm gang “305” mache pòs li apwè boukantaj kout zam ak lapopo nan vil Pòdpè

1,023

01 – 05 -2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nan vil Pòdpè pa bay gang yo chans pou repoze nan fen peryòd vakans fen dane a; konsa, Djéi alyas Makanda, manm aktif gang “305” nan Twa Rivyè, vil Pòdpè, jwen ak zo grann li jounen vandredi 5 janvye 2024 la, vè 2 zè apremidi a.

Makanda, ki te nan boukantay kout zam ak Lapopo nan yon katye ki pote non Lakoup, mache pòs li toupwe galèt Rivyè Pòdpè.

Bandi notwa a, ki te deside kontre kònn li ak fòs lòd, pat kapab reziste anba fwaka kout zam otorite yo ki deside tout bon vre pou dezenfekte site Kapwa Lamò a anba pwoliferasyon gang.

Comments are closed.