Lapli ki tonbe pandan jou pase yo, rann anpil wout Jeremi an change, e anpil aksidan anrejistre

887


11 – 28 – 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Depi aprè gro lapli, ki te andomaje divès wout nan Jeremi,
aksidan sikilasyon yo pa sispan ogmante.

Yon Jeep Suzuki blan, imatrikile AA-62290 pèdi ekilib e kouche plat atè, jodi madi maten 28 novanm 2023 a. Machinn sila, ki tap soti andireksyon Bòd, tap manipile anba ladrès yon fanm, te oblije kapote akoz kalamite wout nasyonal yo yo nan Grandans.

Selon enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND, popilasyon an nan vil Jeremi tankou nan milye riral yo, pa sispann fè konen ke se eta lamantab wout yo ki te deja pa bon, e ki vinn mete apse sou klou,

Nap fini pou di, chofè a ki tap kondwi machinn lan, ki se yon fi nan kad aksidan sikilasyon sa a, di Bon Dye mèsi pou lavi li ke li epanye. Chofè fanm pwofite e mande travo piblik pou fè reparasyon nesesè sou divès wout enpwatikab yo.

Comments are closed.