Pwojè kominotè minisipalite peninsil Sid Dayiti : yon potokòl akò siyen ant AMAGA, UPGA ak CCIGA

597
0
Share:
TRiboLAND

03 – 15 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan sousi pou vanse ak devlopman dirab nan Gran-Sid peyi Dayiti, Aprè yon jounen bwase lide ,ant diferan sektè piblik kou prive kite sòti atravè 14 komin depatman Grandans lan, prezidan asosiasyon majistra yo nan Grandans, pwofesè Richard Marciano siyen yon potokòl dakò ak Inivèsite piblik Grandans lan UPGA Channm kòmès ak endistri Grandans CCIGA jis pou avanse ak pwoje ki vize devlopman nan Grandans lan; sitou nan domèn agrikol, touristik, e komèsyal.

Akò sila sinye, aprè yon jounen bwase lide ant diferan sektè piblik ou prive ki te sòti atravè 14 komin depatman Grandans la. Tout patisipan yo ki tap bwase lide atravè diferan atelye travay nan Otèl Lebontan nan Jeremi, te swete wè genyen desizyon ki pwan pou genyen pledwaye ki fèt.

Konsa, sa ap kapab ankouraje komèsan ayisyen ak etranje vini ak bato pou kreye plis anbyans ekonomik nan Jeremi, Koray, ak Anzdeno, ki genyen kapasite pou resevwa gwo chajman bat oak kreye echanj komèsyal.

Share:

Leave a reply