James Vals voye yon nòt bay prezidan lig foutbòl Pòdpè a ki chaje ak rekomandasyon.

11-28-23
Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon nòt ki viral sou rezo sosyal yo e ki pote non orijinè Nòdwès la, James Vals, adrese li ak prezidan lig foutbòl Pòdpè a, Rock Juvens Clavel, kote li fè yon latriye rekòmandasyon ak prezidan an, nan lide non sèlman pou balon woule ak kè kontan, men tou, pou kenbe eskanp figi antre Pak Kapwa Lamò a byen bèl.
Nan sans sa a, Vals felisite lig foutbòl Pòdpè a, e tou pwofite di prezidan an :
1- Pa fè chanpyona pou ekip foutbòl vin enskri ak lis pou plis bon jwè ka vin jwe, sa ap kapab fasilite plis touris lokal rantre nan vil la.
2- Fè yon fason pou bay ekip chanpyo yo, 2e ak 3e yo plis ke sa ki pase yo.
3-Pale ak direksyon depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès, ak la Mèri Pòdpè pou kenbe espas devan pak la kosto.
4- Lig la dwe atravè aktivite chanpyona entèskè yo, monte Inityativ pou elèv yo plante pye bwa nan antouraj pak la.
5- Kreye yon mini bar anndan pak la, sa ki kapab sekirize lavi chak moun ki vin konsome.
6- Toujou pentire graden yo epi demare ak pwojè pou reyabilite vestyè teren an.






