Nan okazyon reouvèti tribinal vil Jeremi a, pou ane jidisyè 2025 – 2026 lan, Dwayen an , ekzòte tout aktè ki fè pati chenn penal la pou yo aplike la lwa kòm bousòl.

301
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Lendi 06 oktòb 2025 lan, se kòmansman ane jidisyè 2025 – 2026 lan. Divès pèsonaj ak pèsonalite kite sòti nan mond jiridik lan, otorite politics, etatik ak osyete sivil lan, te reponn pwezan nan sal odyans tribinal la, pou make gran jou sila.

Dwayen tribinal lan, mèt Finey Francois, parapò ak systèm jistis lan ki an defayans, mande nan okazyon an, tout note, jij , komisè gouvenman, Isye, grefye yo yon pakèt lòt latriye antite ki konpoze chènn penal lan, pou pa kontinye ap vyole lalwa, jis pou fè kapital economik ak social yo, o detriman sa ki pi fèb yo.

Se te okazyon pou Dwayen Francois, mande sosyete klere je yo, pou fè echèk ak van ensekirite sa a ki vle tabli nan Grandans, ki se , ki genyen pwèske tout manm system lan, ki souvan mete yo an rezo pou detounen byen sitwayen ak sitwayènn ki nan depatman Grandans lan, oubyen kap viv nan peyi lòt bò dlo.

Share:

Leave a reply