DG BMPAD la fè Popilasyon Karis la kouri pwason davril nan pwomès kouran elektrik

925

08-18-2023

Karis, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè BMPAD la, Ignace St-Fleur nan vizit li te fè 21 jiyè 2023 pase a, nan Santral Elektrik Karis la, te parèt tankou yon wa devan popilasyon an, ak yon pwomès kouran elektrik ki ta pral klere Karis pandan sware 17 dawout 2023 a.

DG a ki pat fè rezèv nan pawòl li yo, te fè konnen lap fè tout efò posib e imajinab pou Karis klere avan 18 dawout 2023, on dire li ta sanble li menm te sinyen anba yon parèy deklarasyon.

Antouka, pawòl ou pwomès po pistach DG St Fleur, pase kon van! Nad marinad, se tef o mouvman. Karis pase anba tenèb pirèd; tout pwomès plonje nan fè nwa ak tout yon seri chantay delege depatmantal la tap fè, lè pwomès yo tap delivre.

Antouka, popilasyon Karis la, would yon lòt fwa ankò nan farin. Pou anpil moun, se pa premye fwa direktè BMPAD la, Ignace St-Fleur ap itilize pouvwa li pou l mache bay pawòl tèt anba nan vann tèt li ak manti. Vizit li nan lise Filip Batelemi Karis la, nan Santral Elektrik la, nan lise Valyè a ak plizyè lòt ankò, te karakterize anba pakèt chapito blòf!

Comments are closed.