Sou inityativ konbit ansèyman ak aprantisaj lakay, 3 jounen fòmasyon oganize pou yon santènn pwofesè lekòl.

1,052

07-18- 2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Nan objektif pou rann pi pwofesionèl pwofesè ayisyen yo nan Grandans, oganize 3 jounen fòmasyon pou yon santènn pwofesè lekol piblik kite sòti atravè diferan komin depatmantal, nan lokal bibliyotèk Stenio Vincent an nan vil Jeremi.

Yvon Lamour, sitwayen ameriken orijinn ayisyen, pwofesè literati anglèz nan peyi etazini, akademisyen, sou demand ekip konbit lan, toujou make pasaj li nan Jeremi, chak peryòd dete, pwofite òganize seminè fòmasyon pou pwofesè Grandans yo.

Pwofesè Yvon Lamour nan ekspoze li yo, te mete aksan sou, nivo nechèl Bloom lan, ki genyen ladan l : domèn, evalyasyon, sentetizasyon, analyz, aplikasyon, konprensyon, ak anbyans nan klas.

Diferan patisipan yo ekspwime satisfaksyon yo pou kalite anbyans ou deba yo, ki te byen anime, patikilyèman nan entè-aksyon ant fomatè a ak patisipan yo. Konsa, aprè 3 jou fòmasyon, patisipan yo te benefisye yon sètifika.

Nap soulinye, pwofesè Vidal Chevalier, reprezantan konbit ansèyman ak aprantisaj nan zafè ansèyman nan Grandans, te enpoze prezans li egalman nan yon parèy sòlòkòtò.

Comments are closed.