Depresyon Tropikal nan komin Lèziwa: se rèl kay Makorèl

881

11 – 21 – 2023

Lèziwa, Ayiti___(TRiboLAND) Depresyon tropikal 16 novanm pou rive 18 novanm 2023 a, baleye komin Lèziwa plis ke tout lòt kote, selon konsta ak evalyasyon pasyèl repòtè TRiboLAND.

Enfòman yo montre ke depresyon tropikal la, sakaje e mete ajoune popilasyon an ki anrejistre gwo dega tankou, sakad anviwonmantal ak agrikòl.

Jaden yo peyizan kiltivatè yo devaste, dlo kandale desann ak anpil zannimo, kay kraze ou andomaje, yon bon valè pèyizan sinistre e 2 bwa balanse anba gwo chòk. Viktim yo ki rete kwè pa gen Leta, mande òganizasyon non gouvenmantal yo, vinn pote yon lòsyè asistans nan respè ak diyite pou peyizan viktim yok ap pran lanm.‎




Comments are closed.