Gro Lapli kap tonbe depi kèk jou sou department Grandans lan, rann twonson wout Dam Mari pou al Lèziwà enposib.

466
0
Share:
TRiboLAND

Dam Mari, Ayiti______(TRiboLAND) Gro lapli kap tonbe sou divès komin nan departman Lèziwà lan, andomaje je alinèt ki nan vil Dam Mari an; machinn, motosiklèt e menm pyeton nan gro difikilte pou sikile kòm sa dwà.

Divès moun kap viv nan rejyon Dam Mari, Anzdèno ak Lèziwà, pa sispann lanse SOS bay otorite konsène yo pou fè yon entèvansyon ijans pou pi ta pa pi tris.

Deja genyen kanyon machandiz ki arive tonbe nan je alinèt lan. Nap raple, yon parèy konstriksyon te fèt depi sou pwesidan Jean Bertrand Aristide, malgre se inik mwayen pou travese soti Jeremi pou al sou rès kot la.

Selon kritik yo, dirijan san konsyans yo pa rann kont gravite yon parèy sitiyasyon ki mete popilasyon Grandans lan nan ti soulye li

Share:

Leave a reply