Kriminèl nan komin Lèziwa dechèpiye e touye ak kout wòch, yon malere inosan ki te soti nan panyòl ak lajan ameriken

1,266

04-20-2023

Lèziwa, Ayiti___(TRiboLAND) Selon responsab komisarya Lèziwa nan depatman Grandans peyia, Saint Louis Armoz, yon gwoup prezime endividi kriminèl akize Ski te genyen laj 25 lane kòm moun ki sòt Sendomeng ak plizyè milye dola ameriken ak pèso dominiken.

Gwoup prezime kriminèl sa yo te reklame lajan nan men Josmith Léan, ki pat dakò lage bay. Se konsa, bat je pou bat je yo te gentan ap lapide inosan an ak kout wòch e kout baton; finalman, endividi sa yo te arive fè dap piyanp sou lajan ameriken ak pèso dominiken ki te sou viktim nan.

Selon sa TRiboLAND jwenn kòm enfòmasyon, Josmith Léan te gentan kouri rantre nan komisarya Lèziwa a; malgre sa atoufè yo te rantre nan komisarya a, kraze pòt la, lapide’l e boule kadav la anba kawoutchou, tou pwè komisarya a; anba grenn je maman’l ak lòt manm fanmiy li yo.

Responsab komisarya polis la, komisè Saint Louis Armoz ki pat pwezan nan moman krim lan, bay garanti krim sa a pap rete enpini; deja yo arete kèk nan konplis kriminèl; e direktè depatmantal la, Jean Louis Paul Menard, plase yon inite espesyalize lapolis (UDMO) sou plas nan komisarya a, yon fason pou evite bandi kriminèl yo mete dife nan komisarya a.

Comments are closed.