Inik repons gouvènman an fas ak klima kidnapping yo, se repete bagay ki te di dimil fwa deja

0 358

Pòtopwens__(TRiboLAND) Ki sa ki nouvo! Yon lòt chanson ankò pou yon milyèm fwa“La police nationale d’Haïti a reçu des instructions formelles afin de mettre la main au collet des bandits ou kidnappeurs,” se yon lòt deklarasyon san sans tèt anba ke nenpòt timoun ka konpran sitou lè ou anafè avèk enkonpetan ki pa genyen oken nosyon de sa ki rele respekte peyi pou nou pa di bay sitwayen lakay yo sekirite.

Nou sezi tande ankò deklarasyon minis Jistis la, Jean Roudy Aly ki gen kouraj pran wout lapwès pou ap pale ankò jodi madi 11 Fevwiye 2020 lan de mezi ke yo konte pran si non ke yo pral redouble d’effort yon fason pou kontrekare klima ensekirite a. Se malerezman, volim enkonpetans moun ke pwezidan Jovenel chwazi pou ede l swadizan dirije peyi a pi viral e pi destriktif ke li te ka panse.

Yon moun te ka byen pa pwepare pou dirije yon nasyon; men li enpòtan pou ou devlope yon ti minimòm reflèks nan fè chwa moun ki konpetan e ki reyèlman gen yon minimòm menm pou ede pouvwa a ateri menm onivo jistis e trankilite piblik pou tout sitwayen.

Lapolis Nasyonal, Ministè Lajistis pa gen bouch pou pale ankò; se tankou bwat pawòl yo fini e yo depase anba evènman yo. Yo toujou genyen yon plan tèt mato ke yo ap travay sou li ou byen “nou pral redouble efò” oubyen “PNH la resevwa enstriksyon fòmèl pou kontrekare bandi yo oubyen “Leta a mobilize a piwo nivo,” oubyen yon plan mètdam ki deja pibliye bay tout ajan kriminèl ke pouvwa a ap bay tete,” alòske anpil nan moun kap anfondre peyi a, yo tout nan antouraj Palè Nasyonal ak nan divès lòt enstitisyon etatik ki finn piye.

Dayè, si te genyen reyèlman yon ti kal bon sans nan yon seri desizyon sekirite piblik, nou pat kab jamè genyen Minis edikasyon ki ala fwa Minis Enteryè a. Lojikman, sa vle di ke pouvwa anplas la pa bay edukasyon ak Sekirite ou Defans tèritwa a twòp enpòtans! Sa se endikasyon ki moutre ke se enkonpetans ak vwayou ki detèmine ak etranje pou ekstèmine Ayiti ak tout sa ki ladan l.

Pandan nap rete tann menm deklarasyon ki deja fèt di mil fwa a, nou estime nan nivo kokorat Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) lage peyi a, sèl espwa pèp ayisyen se wè majorite lidè ayisyen ki pa finn lidè yo benefisye yon seyans fòmasyon sou jerans moun, pwòpte ak gouvènabilite bò kote teknisyen ki nan ti zile ki pi ba nan Karaib la.

Jacob Bendalham, TRiboLAND

Leave A Reply