Lekòl kominotè Mixte Clément Laroque, mande PAM ak UNICEF yon atansyon soutni.

1,435

04-23-2023

Lèziwa, Ayiti___(TRiboLAND) Imaj lekòl Mixte Clément Laroque, kote ke pwofesè Clément Laroque ap dirije nan vil Lèziwa bay anpil kè sere ak dlo nan je. Espas aprantisaj sa ki fòme plizyè jenerasyon ap pran gro sakad lojistik e ekonomik, alòske anpil paran te toujou jwen bemòl akoz yon ti grapyay yo te toujou ap peye sèlman pou pen enstriksyon ti inosan yo.

Lekòl Mixte Clément Laroque, Lèziwa, Grandans.

Depi apwè siklonn Matye nan dat 3 e 4 oktòb 2016, lekòl Mixte Clément Laroque la, te andomaje pandan tout peryòd sila. Konsa, espas la an debanday e lap pran lanm! Sa ki pirèd, paran timoun yo pa arive onore pèyman eskolarite ke lekòl la reklame kòm frè patisipasyon. Konsa, pa genyen mwayen pou ta menm repare espas la.

Nan sans sa a responsab la, pwofesè Charles Clément mande leta peyi a, òganizasyon non gouvènmantal tankou pwogram alimantè mondyal PAM, UNICEF ak lòt ONG pou bay yo yon asistans teknik etablisman an ki nan tray.

Comments are closed.