Paran ak élèv lekòl piblik nan twazyèm seksyon komin Lèziwa, Kakas ap fè fas ak gwo difikilte lokal pou akomode aprenan yo

10- 09- 2026
Lèziwa, Ayiti____(TriboLAND) paran ak elèv lekòl nasyonal Kakas, twazyèm seksyon kominal komin Lèziwa pa kache mekontantman yo fas ak siyasyon lojistik ki soti pou konpwomèt edikasyon pitit yo nan rejyon sila ki te afekte anba dènye kout move tan yo nan Grandans peyi a.
Konsa, plizyè vwa leve kanpe pou denonse move kondisyon inaseptab espas livrezon pen lenstriksyon an nan Kakas, yon rejyon ke dirijan yo pa janm wè nan rèv yo. Nan sans sa, manm nan popilasyon mande minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, pwofesè Vijonet Déméro pou aji vit sou pwoblèm lokal ki loje lekòl nasyonal twazyèm seksyon kominal komin Lèziwa a, Kakas ki ap efondre chak jou ki jou.
Kidonk, yon parèy preparasyon ap kapab bay ti lèzanj yo aksè pou benefisye moso pen lenstriksyon nan yon anviwonman ki desan e fyab. Nap raple, Lèziwa, se youn pami yon seri komin ke leta izole nan pwive li yon seri bagay debaz depi egzistans yo.






