Plizyè òganizasyon nan rejyon ba Latibonit la ki te depoze yon plent nan biwo ULCC kont divès responsab nan Senmak nan jou kite 21 jen 2023, leve vwa yo pou mande ULCC aji.

988

11-16-2023

Senmak, Ayiti__( TRiboLAND) Selon sa ki te ekri nan plent 21 jen 2023 a, plizyè reprezantan òganizasyon te repwoche anplwaye Leta k ap travay nan sektè imigrasyon yo kòm group moun ki ta fè plizyè paspò ak fo tenb. Atoufè sila yo, mande gro magogo lajan pou fè yon paspò, ki ògmante frè dosye yo dèyè do prensip administratif yo e rive fè kontribyab yo peye jiska 5000 goud pou yon “fòmilè demand paspò.”

Nan sans sa a, plizyè òganizasyon tankou : OCENH, KONDA, USCTAH ak SSCTNH ki te ekri lèt la, mande ULCC poul mennen ankèt sou Washny BIEN-AIMÉ, Castel ESTILUS, Wilguens (Taïbi), Nervio, Dieunel ak Wesnel Julien paske, selon òganizasyon sa yo, mesye sa yo komèt plizyè zak ki lye ak koripsyon e malvèsasyon.

Li enpòtan pou konnen, plizyè vwa nan kominote senmakwaz la abitye denonse fonktyonman biwo sila, ke jeneralman yo rele “imigrasyon” an pou move tretman kontribyab yo ap resevwa nan men responsab sant sa yo, kote yo rive menm viktim vyolans fizik.

Comments are closed.