4 moun mouri nan prizon sivil fanm komin Kabarè a.

1,121

05-31-2023

Kabarè, Ayiti ___(TRiboLAND) 4 moun mouri nan prizon sivil komin Kabarè ayè madi 30 me 2023 a, selon komisè sibtiti jiridiksyon Senmak la Mèt Venson François ki te pwosede ak konsta legal kadav yo.

Dyare, fyèv tibèkiloz, sida ak malnitrisyon, se kèk maladi ki ta lakòz 4 fanm sa yo pèdi lavi yo nan prizon sivil kabarè a, selon komisè sibtiti jiridiksyon Senmak pou yon tibout tan an, majistra Venson François.

Majistra debou a, ki deklare medam yo soufri tout kalite maladi nan prizon an, yo antase pil sou pil, mete sou sa,sitiyasyon an vin plis konplike akòz yo pa ka pase devan jij natirèl yo, yon fason pou konnen si yo ap libere ou byen si ya’p kondane fas ak grefye yo ki nan grèv.

Komisè Venson presize, genyen plis pase 600 prizonye nan prizon sivil komin Kabarè a kap viv nan yon kondisyon enfwa inimèn.

Nap siyale, soti mwa janvye pou rive madi 30 me pase a, genyen 6 prizonye ki mouri nan prizon sivil Kabarè daprè sa Mèt Venson François ta devwale.


Comments are closed.