Roudel Ducherne pral pase 4 lane nan prizon pou detounman sakèt Leta nan Ench

11 – 26 – 2024
Ench, Ayiti______(TRiboLAND) Ansyen enspektè jeneral enpo (DGI) nan vil Ench, Roudel Ducherne, tonbe anba kondanasyon yon tribinal 19 novanm 2024 pase a nan vil Ench pou detounman sakèt Leta.
Enspektè ke yo repwoche pou “dwèt long”, ap genyen pou pase 4 lane nan prizon pou e ap genyen pou peye egalman yon gro magogo lajan kòm restitisyon. Desizyon jidisyè sila ki te fèt san asistans jiti, mete anfaz atik 5.4, lwa 12 mas 2014 la sou prevansyon ak represyon sou kòripsyon, selon yon nòt piblik Unité Lutte Contre Corruption (ULCC) ki date 25 novanm 2024 la.
Lajistis ayisyèn fouke Roudel Ducherne aprè yon ankèt gran djanm e gran panpan ULCC te mennen ki te abouti ak arestasyon li; yon sitiyasyon ki montre nan ki eta kòripsyon ap taye banda nan administrasyon piblik yo.
Se konsa, ULCC bat gro bwavo pou yon parèy desizyon jistis, li ankouraje otorite konsène yo pou yo travay pou mete do kansè sila atè e fè mache yon seri lòt dosye kap kanni nan tiwà tribinal.
Li bon pou sinyale, genyen dosye 3 konseye (KPT) pwezime eskanmòtè ki enplike nan rapò BNC a; kote ke yo genyen gro “zak chat mawon” ki pandye sou tèt yo; malgre enplikasyon yo nan kòripsyon, yo kontinye rete nan pòs yo pandan dosye yo bloke nan kabinè enskripsyon.






