Gwoup gang sangwen nan depatman Latibonit lan touye pou pipiti 3 moun, epi mete dife nan Radyo Antartik.

892

Pou pipiti 3 moun mouri, yon estasyon radyo pase anba flann dife ansanm ak yon famasi, plizyè biznis, machin ak motosiklèt,se bilan zak kriminèl gwoup gang gran grif yo, nan komin Lyankou.
 
07-23-2023

Lyankou, Ayiti___(TRiboLAND)Bandi yo nan depatman Latibonit lan pa deside bat ba. Byen bonè maten dimanch 23 jiyè 2023 a, gwoup gang ki pote non baz “Gran Grif” la, touye pou pipiti 3 moun nan komin Lyankou, mete dife nan Radyo Antartik, nan yon famasi ak nan plizyè lòt biznis ak motosiklèt ki te devan komisarya a.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, se pa premyè tantativ ki fèt pou elimine estasyon radyo sila ki, depi yon bon bout tan pa janm lage bay nan denonse bandi yo ak tout gwo chabrak ki makònnen ak yo.

N’ap raple ou, nan moman atak la, popilasyon an te vrèman vilnerab fas ak gwo zam gwo kalib bandi yo, kite tap siyonnen nan tout ti kwen.



Comments are closed.