Antite ki te dakò siyen avi ak la Mèri Pòdpè sou Pòs Peyaj Karenaj la tchoule kò yo, apre majorite zèl kat yo te fin file nan yon sèl bò.

958

Malgre pati kite siyen avi pou te lejitime Mèri Pòdpè a nan mete kanpe yon pòs peyaj nan lokalite Karenaj tchoule kò yo, Mèri a toujou ap ransone popilasyon an.

11-16-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Bri kouri nouvèl gaye. Apre plizyè ankèt sal redaksyon nouvèl TRiboLAND fin mennen sou konpòtman antite yo pou te mete kanpe yon pòs peyaj nan Karenaj, genyen pami antite sa yo gwo tchoule kò, apre mayimoulen an te fin deside bwase yon sèl bò.

Enfòmasyon yo fè kwè, 4 antite yo te antann yo sou yon baz konnsansis kote, reprezantan sektè transpò a, Marcel Similien t ap pral genyen 10% nan lajan an, reprezantan tribinal de Pè Pòdpè a, Yonel Obssaint, jij titilè a.i tribinal la, ki ta pral genyen 15%, reprezantan polis Nasyonal branch Nòdwès la, Clevens Cetoute, 25 %, epi ansyen detni prizon sivil Pòdpè a, Josué Alusma, ki li menm aktyèl prezidan ajan egzekitif enterimè Mèri Pòdpè a, ki ta pral genyen 50 %.

Nan lajan pa gen zanmi! Se bò lanmè yo separe lapèch! Prezidan ajan egzekitif enterimè Mèri Pòdpè a, deside fè kavalye sèl, lèl deside ranmase chak jou ki jou, tanto 150 mil goud, tanto 200 mil, jiska 250 mil goud, pa deside founi pèsòn rapò. Pou ansyen detni prizon sivil Pòdpè a, zafè pousantaj la koupe l sa sèk!

Mekontan kont desizyon gwo ponyèt Josué Alusma ki pase yo nan farin, 3 antite konsène yo pa gen lòt chwa ke tchoule kò yo sou kote. Malgre sa, popilasyon an kontinye pirèd ap sibi ranson, alòske pou sitwayen yo sikile nan vil Pòdpè se apre anpil trase kata.

Comments are closed.