Yon polisye 27e pwomosyon pran nan zatrap e tonbe anba bal bandi nan depatman Latibonit

1,582

Anthony Dumas, se non yon polisye 27e pwomosyon ki tonbe anba bal bandi nan Latibonit notaman nan zòn Va a.
07/28/22

Atibonit, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou pote sekou ak pasajè kap sòti nan nòdwès an direksyon kapital la, yon bakòp UDMO te debake byen bonè maten jedi 28 jiyè 2022 a; pou yal pote sekou ak wout la ki bloke, malerezman se polisye Anthony Dumas, apèn transfere nan Latibonit ki mouri, apre li te fin resevwa yon bal nan zye li.

Enfòmasyon yo fè nou konnen, bandi ame yo te tann yon pyèj pou polisye yo ki, pa favè Bondye, pa menm gentan rive nan lye anbiskad la viktim.

Dapwè korespondan nou ki toujou sou plas jis koulya wout la toujou bloke. Anwo pa monte anba pa desann, akòz lanmò polisye a, epi gang yo ki kontinye ap chante kout bal.



Comments are closed.