Yon lòt peyi deside tradwi peyi Izrayèl devan Lajistis Entènasyonal pouk krim kont limanite

1,115

11-16-2023

Iland____(TRiboLAND) Mary Lou McDonald, aktyèl alatèt Sinn Féin ak Teachta Dála pou sikonskripsyon Diblen Santral, nan peyi Iland, deklare ke li apiye tèt kale pozisyon gouvènman ilandè a pran pou twadwi peyi Izrayèl devan Tribinal Krim Entènasyonal pou atwosite kont limonite.

Pi lwen, nan moman li tap adrese li devan plizyè milye manm pati a, Mary Lou McDonald deklare ke zak malonèt peyi Izrayèl yo pa kapab rete san konsekans. Li mande kote pwoteksyon dwa entènasyonal pou ti moun Gaza yo, kote pwoteksyon dwa entènasyonal pou manman palestinyèn yo ki tou senpleman ap obsève kadav petit yo nan 2 pla men yo.

Krim ou atwosite Izrayèl yo pa dwe rete san pinisyon. McDonald apiye egalman dispozitif gouvènman Iland lan pou voye retounen lakay li, anbasadè peyi Izrayèl nan peyi Iland.

Comments are closed.