Konsta Pwofesyonèl yo nan Nòdwès : Flèv Twarivyè ap degrengole pou kite ak tout fòs li, wout ki te trase pou li anba pon an

482
0
Share:
TRiboLAND

11-10-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Refleksyon jounalis Wilguens Devilas pa depaman ak refleksyon Agw Rethone Jose II, sou sityasyon trajik Pon Twarivyè a. Konsta 2 pwofesyonèl yo parèt klè kou dlo kòk sou dlo Twarivyè k’ap degrengole pati kite wout ki te fèt pou li a, anba pon an.

Pou Devilas Wilguens, nòmalman dlo a ta dwe pase nan 2 pye ki nan mitan pon an. Gen yon lòt pye agòch, ou pa menm ka wè akòz jaden an. Sa lakòz gen yon bò nan pon an ki plis atake paske kiltivatè ap pouse dlo a yon bò. Se yon epe Damoklès ki pandye sou tèt moun Ba Nòdwès.

Anpil moun tankou Agwonome Rethone, kwè se eksplwatasyon sovaj karyè yo nan zòn lan ak iresponsalite dirijan ki pèmèt sitiyasyon Pon Twarivyè a pa sispann degrade. Kidonk, me ki analiz Ing/Agr Rethone Jose II, sou pwoblèm sa li di ki sanble mete avni pon Twarivyè a andanje.

1. Nan domèn idwolik, yon dlo kap koule, se toujou direksyon pi gwo pant lan lap toujou suiv. Konsa, kote’w wè dlo a fè a, se la pant lan ye; eske se agrikiltè yo ki kreye pant lan? pa obligatwaman.

2. Yon rivyè gen ladan’l yon li etyaj, se kote dlo a koule lè preske pa gen dlo; li gen yon li minè ak yon li majè apre sa se de bèj yo. Pifò rivyè an Ayiti gen pwoblèm pant ki vin ajoute ak kondisyon sòl ayisyen an ki se yon bann tè mou, sa vin fè rivyè yo jwenn kote pou yo blayi konsa, se sak fè’w wè, men lajè pifò rivyè nan peyi Dayiti.

3. Nan tout rivyè sa yo, Ministè Agrikilti ki gen nan tèt li nan depatman Nòdwès la, Agwonòm Charité Louis gen manda poul kire yo, fè travay repwofilaj tankou, rektifye li yo, estabilize bèj yo …, konsa dlo a ap jwenn yon pant plizoumwen inifòm e koulman an ap fèt pi byen. Depi’w egziste, mw pa kwè nou janm arive wè yon travay konsa.

4.Twarivyè pa epanye de sitiyasyon ki sot dekri piwo a; sak gen pou wè ak pye pon an moun kap prelve materyo konstriksyon yo ak otorite piblik yo ki pa janm estabilize li rivyè a, reprezante yon menas ki pi enpòtan ke agwikiltè yo kap pwofite de tè rivyè a pote pou yo fè yon ti jaden. Okontrè fè yon ti kanpe sou pon an mete fas ou lanbouchi gad lan bò dwat la wap wè yon dig agwikiltè fè ti jaden sou li ki plis pwoteje mi soutènman ki pwote chan aviyasyon an.
Koze yo anpil!

kredi foto: Wilguens Devilas

Share:

Leave a reply