Pòdpè: Jounalis wo nivo pwofesyonèl: Wilguens Devilas pase move moman anba men direktè Lise Tertulien Guilbaud a

228

03/10/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Wilguens Devilas, yon jounalis ki pa genyen pou anvye de oken yon lòt jounalis pwofesyonèl atravè peyi Dayiti, pase yon move moman anba men direktè Lise Tertulien Guilbaud nan Pòdpè, Marc Antoine Pierre jodi mèkredi 10 màs 2021.

Kesyon sou sa ki te kapab pouse yon direktè yon etablisman eskolè poze yon parèy britalite fizik ou sikolojik anvè yon jounalis kap egzèse profesyon li, Mesye Wilguens pat genyen oken eleman repons pou yon parèy zak ke li kalifye “vyolan” e ki remete an kesyon nivo ou kapasite moral yon seri swadizan lidè edikasyonèl kap pwomote pen enstriksyon pou jèn nou yo.

Selon viktim nan ki te ankèt de yon seri enfòmasyon ki genyen pou wè avèk Lise Tertulien Guilbaud ki yon enstitisyon piblik ou kolektif; li te tout afè nòmal pou yon popilasyon kap peye leta dwe okouran de tout sa kap pase nan yon bwàt piblik ki pa yon byen prive de yon endividi kap profite yon kouran politik pou mete baboukèt nan bouch jounalis ki tante kesyone konpetans ou jesyon administrativ yo.

Marc Antoine Pierre, ki ta sanble pat genyen kontròl bon nanj li antan ke direktè yon enstitisyon ki dote de yon repitasyon enpekab, echwe e menm arive badichonnen karyè li ak yon leadership salisan lè li chwazi mete men nan kòlèt, tribuche e sakaje yon jounalis e men arive avèk raj kraze materyèl travay (telefòn e mikwo) konfrè nan espas enstitisyon an. Pa genyen dout, yon parèy zàk vagabondaj jistifye yon lòt fwa ankò a kip wen yon seri edikatè trete yon si bèl pwofesyon.

Nap raple, Wilguens Devilas se yon jounalis wo nivo pwfesyonèl e respekte atravè tèritwa nasyonal la. Li travay pou plizyè media tankou Zoom Haiti e san bliye Radio Génération 80 nan Pòdpè. Li agrees nan moman direktè t’ap mande li pou deplase; e se wè li wè avèk vyolans bouskilad tout kalite anba men yon pèsonaj ki te pèdi tout bonsans li.

Comments are closed.