Nèg ak zàm krible anba bal lakay jounalis Radyo RCH 2000, Kerby Lindor

356

11\01\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Yon jounalis angaje Radyo RCH 2000 nan Pòtoprens trouve’l nan gro difikilte lakay li nan Tabarre kote nèg ak zam ki pa idantiyàb pase plis 45 minut ap krible kay jounalis Kerby Lindor, aswè dimanch premye novanm 2020 an.

Plizyè enstans pat pran tan pou mobilize oditè radyo RCH 2000 pou ranfò nesesè pou Kerby ak tout fanmiy li ki te anba gwo panik anba va e vyen yon eskadron lanmò ki tap paweze sou katye jounalis la.

Alòske yon lòt jounalis, Patrick Cézar nan menm moman, devan BMC Leyogann lan ta sanble anlve anba pwent zàm bandi pou yon destinasyon enkoni, daprè Mèt Léger ki tap entèvni sou Radyo RCH 2000, e profite fè referans ak prezidan Jovenel Moise pou zak kriminèl sa yo.

TRiboLAND apran yon krèy solidarite pat pran tan pou pote boure sou katye kote ke Kerby te antòtye a, alòske plizyè militan nan Leyogann ap trese lèl pou chèche konnen ki kote yo ale avèk jounalis Patrick Cézar.

Comments are closed.