Yon nouvo dirèktè pou Lopital Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè

272

12\09\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Se jodi mèkredi 9 desanm 2020 an responsab nan ministè Sante piblik ap prosede ak enstalasyon yon nouvo dirèktè pou lopital Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè.

Enstalasyon Dr. Saint Phard Gulnes programe jodia apati 9:00 nan maten e pral asure anba lobedyans dirèktè jeneral la ak minis Sante a ki te deja an toune nan depatman Nòdwès la. Saint Phard ki espere bay tout sa li kapab a bwàt leta sa, ki pou anpil moun ap mal mennen depi kèk tan fas ak yon kantite enfrastrikti medikal ki mete an malmakak sante popilasyon Nòdwès la.

Nouvo dirèktè ap ranplase Dr. Sayeli ki pran promosyon kòm konseye teknik nan direksyon depatmantal SNO aprè 10 lane. Saint Phard ki pase yon bon bout tan kòm Alatèt nan lopital Otrichyen nan Sen Lwi Dinò, te deja avanture’l nan yon espesyalizasyon nan jinekoloji nan epòk Dr. Rony Pierre te alatèt lopital Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè.

Comments are closed.