TPTC efektye yon joune travay “raboure tè ak pase traktè” nan lokalite “Nan Chalè”

910

11-10-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND)  Lokalite “Nan Chalè ki akèlke kilomèt vil Pòdpe, benefisye atansyon TPTC, ki se yon gwo mirak pou rezidan sila yo ki te konpwann espas enstitisyonèl sila mouri.

Plizyè gwo anjen lou, tap fè gwo va e vyen. Traktè ap raboure e plizyè ti pase men ap fè lasisinn, tè sou tè ak labou sou labou, twonpe vijilans sitwayen yo ki tap kajole espwa sou redemaraj konstwiksyon wout Pòdpè Ansafolè a, ki depi yon bon bout tan tonbe nan pasaj.

Antouka, akoz sitiyasyon malouk wout yo, apwè anpil dlo desann ak labou, swadizan sèvis TPTC, ki abitye chaje popilasyon pou yon seri travay piblik, ap mete ranblè jounnen jodi vandredi 10 novanm 2023 a, nan Chalè, Pòdpè; yon sinema pay mayi, ki pa fè popilasyon an ni cho ni fwèt.

Nap raple, pwojè konstwiksyon wout Pòdpè – Ansafolè kreye anpil tole nan Nòdwès peyi a, sitou apwè gwo eskandal move regleman sou gagotaj lajan pwojè a, ki te pouse enjenyè depatmantal deklare ke se tè bati ke yo konte bay Nòdwès. Yon deklarasyon ki te pèmèt popilasyon an te rekadre enjenyè tè bati a.

Comments are closed.