Yon bato ki te genyen abò’l 20 moun disparèt ant dlo sale Bahamas ak Florid

228

01/02/21

Bahamas______(TRiboLAND) Gàdkòt ameriken diskontinye rechèch yo aprè twà jou yo pa jwen oken tras yon bato ki disparèt ak 20 moun ant dlo lanmè Bahamas avèk Florid, daprè sa yo te anonse vandredi premye janvye 2021 an.

 Bato a ki te kite lil Bimini yè lendi 28 desanm 2020 an pou ale a yon distans 130 kilomèt Lake Worth, Etazini. Alòske nan demen madi, gàdkòt t’a pral jwen alèt ke bato a pa rive nan destinasyon’l, daprè yon kominike.

Sa fè depi 3 jou gàdkòt tou 2 peyi yo pa sispan fè legetè; yo efektye rechèch maritime ak aeryèn sou anviwon 44.000 kilomèt kare. Men rechèch yo rete san rezilta. Konsa, yo sispan fouy yo yè vandredi a. “Panse nou ak priyè nou ale jwen fanmiy moun sa yo ki disparèt”, daprè kapitèn Stphen Burdian, ki ankouraje tout moun ki dispoze kèlkonk enfòmasyon, fè li konnen.

Comments are closed.