Kriz dlo a nan Pòdpè oblije fè moun yo tounen pran dlo nan Twarivyè

1,383

03-05-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Depi kèk jou, robinè tiyo lakay moun Pòdpè, pa konen ki sa ki rele dlo. Yon sitiyasyon ki pèmèt divès moun nan site Kapwa Lamò a tonbe an agoni pou jwen tigout dlo.

Absans dlo ou pwoblèm kap sakaje komin nan, okazyone bokit dlo a ki te konn vann 2.5 Goud pase a 25 Goud. E chak fwa DINEPA bay tiyo, li pa menm dire 5 a 10 minit. Konpòtman kriminèl sa ki vle fini ak lavi moun, pèmèt anpil moun pran direksyon Twarivyè apye, sou moto oubyen nan machin pou al boske yon ti galon dlo rivyè.

Al chèche dlo Twarivyè, se yon pwatik majorite moun te deja divòse avèk li. Lè nou sonje yon sètan tan, te gen divès kamyon ki te konn aprovizyone moun ki gen basen dlo.

Si moun ki nan site Kapwa Lamò a, anpil fwa te konn rete lakay yo pou lave. Jodia, pwoblèm dlo pèmèt kantite moun ki vin lave yo ogmante. Vin pran dlo Twarivyè a se youn, men gen yon seri pwatik ki te konn genyen, se pran dlo nan sous ki te la, men koulya ki disparèt. Tout sa yo, make yon epòk ki depase 20 lane, kote anpil moun te depann sou nan ZèZè.

Anpil moun pa sispann poze kesyon tou, èske kriz dlo ou konpòtman initil DINEPA a, pa pral ogmante risk pou gen maladi parapò ak kondisyon ijyenik yo ki pap reponn?

Jiskaprezan, responsab Direksyon Nasyonal Dlo Potab yo pa di anyen, pandan se ravèt kap pyafe nan robinè lakay moun yo. Dènye kou ki touye koukout a, daprè plizyè abòne DINEPA yo, pri bòdo yo moute pandan gen kriz dlo a. Ayiti! Yon peyi espesyal ak dirijan espesyàl ki wè vi moun ak peyi yon lòt fason. VIV CAMEP!



Comments are closed.